Pwezi Ronald Jn-Georges la pa gen pòt antre. Douvan kou dèyè, tout wout yo mennen yon sèl kote : nan wonn kè powèm lan. Pawòl yo chaje enèji ak kontras. Powèt la pa pase wout dekoupe pou l chante rèv ak dezespwa, mizè ak lanmou, lanmò ak anvi viv. Li jwe ak mo yo tankou van karese ke sèvolan lasemenn sent pou pote yon mesaj kap bay lavi sans. Tout doulè l, sansibilite l, enkyetid ak anvi l travèse vè yo. Menm si powèm yo pa fèt ak menm mo, men yo pale youn ak lòt pou yo di yon sèl pawòl: nan lanmou lavi ka bèl. Douvan dèyè s on rekey chaje nanm, chaje foli, lanmou ak rèv pou fè lavi re-fleri tout kote lespwa sispann pouse.
- No wait, no problems
- What's new?
- Popular titles
- Check these out!
- New teen additions
- See all ebooks collections
- No wait, no problems
- What's new?
- Popular titles
- Check these out!
- New teen additions
- See all audiobooks collections